Recherche rapide/Chèché byen vit


Pa janm bliyé ké li INPÒTAN  pou moun kap acheté'a ak moun kap van nan rankontré bab pou bap anvan nou fè yon tranzaksyon. Courtierht.com, tout réprézantan li yo ak tout anplwayé li yo pa responsab pou konen si sa ki nan anons la sé vré ni nou pa responsab tou pou tranzaksyon ke moun ap konkli. Nou responsab sèlman pou montré anons la sou sit la. Si ou vlé apran pi plis, ou ka li règleman itilizasyon yo.



Tout moun ka mété ANONS yo GRATIS sou site courtierht.com .



Nan seksyon sa, wap jwen répons pou tout kesyon ke moun pozé pi plis. Lè ou fin chèché, si ou paj sa, si nou pa jwen répons ke ou té vlé a oubyen ke ou bezwen plis infòmasyon,nap kontan édé'w . Ou kap:





  • rélé'n nan téléfòn sa 3463-6727


  • ékri nou sou page kontakte'n 







Vidéo pou édé'w


Si ou ta renmen konnen ki jan ou kap fè pou ou kréyé yon kont, ékri yon anons oubyen lot bagay ou kap fè sou sit la, al gadé vidéyo ké nou mété sou sit la http://courtierht.com/video.html. Ou gen dwa téléchajé vidéyo yo sou odinatè'w la (kliké sou lis vidéyo sa yo):



Video 1: Kouman pou mwen kree yon kont



Video 2: Kouman pou mwen idantifye tèt mwen



Video 3: Kouman pou mwen kree yon anons



Video 4: Kouman pou mwen voye yon mesaj



Video 5: Kouman pou mwen konnen si yon moun vle kontakte'm pou yon anons



Video 6: Kouman  pou mwen retire yon anons






Kouman ou kap kréé yon kont?



Gen anpil jan ou ka kréé yon kon. Men 3 fason ou ka fè sa



  • - Ou kap kréé yon kont local sou courtierht.com 

  • - Ou kap itilizé kont facebook  ou

  • Ou kap itilizé kont  Linkedin ou









Kouman ou kap mété yon anons?


Tout anons yo fèt minm jan et yo GRATIS. Gen dé anons ki mandé plis infòmasion pasé lot (tankou pou yon machine, fòk ou mété ki mak li, konbyen pòt li genyen,...). Anvan ou kréé yon anons, sé pou ou gen yon kont (al wè ki jan ou ka fè sa nan seksion "Kouman ou kap kréé yon kont?"). Lè ou fin fè sa, min ki sa pou'w fè:





  1. 1- Nan menu an o'a, kliké sou bouton rouj la ki di "Ékri yon anons"

  2. 2- Mété tout infonasyon yo mandé

  3. 3- Ékri tit anons la (ki sa wap anonsé)

  4. 4- Chwazi yon katégori (Lè ou fin chwazi prémyé a, gen yon lot lis kap parèt bò koté'l, sé pou'w chwazi yon lot kategori nan dézièm lis sa'a)

  5. 5- Nan Deskripsyon, mété tout sa ou vlé di sou bagay yap anonsé'a

  6. 6- Mété imaj yo (ou gen dwa mété 3, ou pa oblijé mété, men li pi bon si ou genyen youn)

  7. 7- Ou gen dwa mété téléfòn ou pou moun ka rélé'w (nou pas responsab apèl yo)

  8. 8- Pou adrès la, ou gen dwa kliké sou bouton ki di "Jwen ki koté mwen yé" (sistèm nan ap wè adrès ou épi lap mété'l pou ou)

  9. 9- Mété pri ké wap mandé'a

  10. 10- Sé pou'w kliké sou ti karé ki bò kòté "Tèm ak Kondisyon yo"

  11. 11- Captcha : sé pou'w mété nan kase la, sa ki ékri nan réktang blé'a


Si tout bagay enfòm, ou kliké sou bouton "Ékri yon anons" ki anba paj la. Kounyé'a tout moun ka wè sa wap anonsé'a. Pa blyé, si ou gen pwoblèm pou'w mété yon anons, kontakté'n pou nou kap édé'w.










Poukisa imaj ke mwen mété nan anons la paparèt?



Sit intènèt courtierht.com pa aksépté foto ki gen moun tou touni. Lè wap ékri anons la, sistèm la gadé foto'a anvan li mété'l. Si li jwen pati nan kò moun ki pa dwé parèt, li pap mété foto'a. Pou sa pa rivé'w, asiré'w ké si gen moun sou foto'w yo, yo gen rad sou yo.
















Kouman mwen ka fè yon piblisité sou site la?



Si ou ta vlé pasé yon piblisité sou site la, kontakté'n ak fòmilè kontakté'n oubyen rélé'n nan 3463-6727


Si vous désirez créer une publicité, veuillez nous contacter soit par notre formulaire de  ou par téléphone au 3463-6727.





Si nou gen lòt kesyon, kontakté'n.